Ti Katechis Luther la

pa Doktè Martin Luther

Kesyon kretyen avèk repons yo

Kesyon kretyen avèk repons yo

Ke Dr Martin Luther te prepare pou moun yo ki gen entansyon al kominyen

Aprè konfesyon ak enstriksyon nan dis kòmandman yo, nan senbòl la, nan lapriyè Seyè a, ak sakreman batèm nan, ak manje sen an, pastè a kab mande, oubyen yon moun kab mande tèt li, limenm menm:

1) Eske ou kwè ke w se yon pechè?

Wi, mwen kwè l, mwen se yon pechè.

2) Kòman ou fè konn sa?

Nan dis kòmandman yo ke m pat obeyi ak yo a.

3) Eske ou gen regrè tou pou peche ou yo?

Wi, mwen gen regrè deske mwen peche kont Bondye.

4) Kisa ou merite de Bondye pou peche ou yo?

Kòlè li ak deplezi, lanmò tanporèl, ak danasyon etènèl. Wom. 6 : 21-23.

5) Eske ou espere sove tou?

Wi, se esperans mwen sa.

6) Nan kilès, atò ou met konfyans ou?

Nan chè Seyè m nan, Jezikri.

7) Kilès Kris ye?

Pitit Bondye a, Bondye tout bon vre epi lòm tout bon vre.

8) Konbyen Bondye ki genyen?

Yon sèl, men genyen twa pèsònn: Papa, Pitit ak Sentespri.

9) Kisa, Kris fè pou ou pou mete konfyans ou nan li?

Li te mouri pou mwen, epi li te vèse san l pou mwen sou bwa lakwa pou padon peche m yo.

10) Eske Papa a te mouri pou ou tou?

Non li pat mouri, paske Papa a se Bondye sèlman li ye, menm jan ak Sentespri a, men Pitit la se Bondye ak lòm tout bon vre, li te mouri pou mwen, epi li te vèse san l pou mwen.

11) Kòman ou fè konn sa?

Nan levanjil sen an ak nan pawòl sakreman an, epi granmèsi kò li ak san l li ban mwen tankou yon gaj nan sakreman an.

12) Kòman pawòl sa yo li?

Jou lannuit yo te trayi l la, Seyè Jezi te pran pen, lè li finn di Bondye mèsi li kase l, epi li di: Sa a se kò mwen, se pou nou li ye. Se pou nou fè sa pou nou ka sonje mwen.

Konsa tou, aprè yo fin manje, li pran gode diven an li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avèk nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n ap bwè ladan l pou nou ka sonje mwen.

13) Eske ou kwè, ke kò ak san tout bon vre Kris la nan sakreman an?

Wi, mwen kwè sa.

14) Kisa k pouse ou kwè sa?

Pawòl Kris la: Pran, manje, sa a se kò mwen, sa a se san mwen, se pou nou tout bwè ladan n.

15) Kisa nou dwe fè lè nou manje kò l ak lè nou bwè san l, epi nou resevwa konsa Gaj la?

Nou dwe sonje epi anonse lanmò l ak san l ki te koule, tankou li te anseye nou: « Se pou nou fè sa chak fwa n ap bwè ladan l pou nou ka sonje mwen ».

16) Poukisa nou dwe sonje epi anonse lanmò l?

Pou nou kapab aprann kwè ke pa gen pyès kreyati ki te kapab peye pou peche nou, annapre Kris la, Bondye tout bon vre, lòm tout bon vre ; pou nou ka aprann gade peche nou avèk latèrè epi pou n konsidere yon bagay ki terib, men pou nou gade l tankou gran ; konsa tou, pou nou jwenn kè kontan ak konsolasyon nan limenm sèl, konsa n a sove atravè yon fwa konsa.

17) Kisa ki te pouse l mouri epi peye pou peche nou?

Gran renmen li pou Papa li ak mwen ak lòt pechè yo, jan li ekri nan Jan 14; Wom 5; Galasi 2; Efèz 5.

18) Finalman, poukisa ou vle al kominyen?

Pou m ka aprann kwè Kris te mouri pou peche m nan gran renmen, jan sa te di avan; epi pou m ka aprann tou, nan li, renmen Bondye ak frè parèy mwen.

19) Kisa ki dwe egzòte epi pouse yon kretyen resevwa sakreman an souvan?

Alega Bondye, kòmandman ak pwomès Kris la Seyè a dwe pouse li, epi alega limenm, lafliksyon ki peze sou li, akòz yon kòmandman konsa, ankourajman, ak li pwomès bay.

20) Men kisa yon moun dwe fè si l pa sansib pou yon afliksyon konsa epi si l pa santi pyès grangou ak swaf pou sakreman an?

Pou yon moun konsa pa gen pi bon konsèy ki kapab bay ke sa, dabò, li mete men li nan sen li, epi li santi si l tou jou genyen lachè ak san, ke li kwè granmèsi tout mway en sa a lekriti a di osijè li nan Galasi 5 ak Wom. 7. Dezyèmman, ke l ka gade alantou li pou wè si l toujou nan mond lan, epi kenbe nan tèt li ke pa gen pyès mank, peche, afliksyon, jan lekriti a di nan Jan 15 ak 16, 1 Jan 2 ak 5.

Twazyèmman, li va sètènman genyen dyab la tou alan tou li, ki avèk manti li ak asasinay li, jou ak lannuit, pap kite l genyen pyès lapè anndan, oubyen deyò, jan lekriti a dekri li nan Jan 8 ak 16, 1 Pyè 5, Efèz 6; 2 Timote 2.

Nòt:

Kesyon ak repons sa yo, se pa jwèt timoun yo ye, men yo prepare nan yon bi ki gen anpil serye granmèsi venerab ak relijye Dr Luther a, pou jennjan yo ak moun ki vye. Se pou chak moun pran gad epi menm jan konsidere l tankou yon bagay serye, paske Sen Pòl ekri moun Galasi yo, nan chapit 6: “Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz.”