Sakreman lotèl la
Jan chèf fanmi an dwe anseye l nan yon fason ki senp ak moun lakay li
Kisa sakreman lotèl la ye?
Se kò tout bon ak san tout bon Seyè nou an Jezikri anba pen an ak diven an, pou nou kretyen kapab manje epi bwè, jan sa dwe fèt la, granmèsi Kris menm.
Ki kote sa ekri?
Sen levanjelis yo Matye, Mak, Lik ak Sen Pòl “Apòt la” ekri konsa: “Seyè nou an Jezikri, jou lannuit yo te trayi l la, li te pran pen, lè li fin di Bondye mèsi, li kase l, epi li di disip li yo: Pran manje, sa a se kò mwen, se pou nou li ye. Se pou nou fè sa pou nou ka sonje mwen.
Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, epi lè li fin di Bondye mèsi li ba yo li, li di yo: Se pou nou tout bwè ladan l, gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avèk nou nan san mwen, ki koule pou nou, pou padon peche nou. Se pou nou fè sa chak fwa n ap bwè ladan l pou nou ka sonje mwen.”
Ki benefis ki genyen nan manje ak bwè sa a?
Nou jwenn sa granmèsi pawòl sa yo: “Bay ak koule pou nou pou padon peche nou”. Sa vle di ke nan sakreman an nou jwenn padon peche nou, lavi ak sali granmèsi pawòl sa yo paske kote ki genyen padon peche, genyen tou lavi ak sali.
Kòman manje ak bwè kòporèlman kapab fè gran bagay sa yo?
Se pa manje ak bwè a ki fè yo, men pawòl yo ki ekri isit la “Bay epi koule pou ou pou padon peche”; pawòl sa yo, akote manje ak bwè kòporèlman, se bagay prensipal nan sakreman an ; epi moun ki kwè pawòl sa yo genyen sa yo di a, sa vle di padon peche.
Ki moun, ki resevwa sakreman sa a diyman?
Jèn ak preparasyon kò se yon bon ekzèsis andeyò, men moun ki diy tout bon vre epi ki byen prepare se moun ki genyen lafwa nan pawòl sa yo, “Bay epi koule pou ou pou padon peche”.
Men moun ki pa kwè pawòl sa yo, osinon ki doute, li pa diy epi li pa prepare, paske pawòl “pou ou” yo mande tout kè pou kwè.