Ti Katechis Luther la

pa Doktè Martin Luther

Sakreman sen batèm nan

Sakreman sen batèm nan

Jan chèf fanmi an dwe anseye l nan yon fason ki senp ak moun lakay li

I - Nati batèm nan

Kisa batèm ye?

Batèm se pa yon dlo òdinè, men se yon dlo ki itilize dapre kòmandman Bondye epi ini avèk pawòl Bondye.

Ki pawòl Bondye sa?

Kris, Seyè nou an, di nan dènye chapit liv Matye a: Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.

II - Benediksyon batèm nan

Kisa batèm bay oubyenrapòte?

Li bay padon peche, li delivre nan lanmò ak anba dyab, epi li bay lavi etènèl ak tout moun ki kwè sa, jan pawòl ak pwomès Bondye yo deklare.

Kisa ki pawòl ak pwomès Bondye konsa?

Kris, Seyè nou, di nan dènye chapit liv Mak la: Moun ki kwè, epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondane.

III - Puisans batèm nan

Kòman dlo kab fè gran bagay konsa?

Se pa dlo a ki fè yo, men pawòl Bondye a ki nan dlo a epi ki avèk dlo a, ak lafwa, ki kwè pawòl Bondye sa a nan dlo a. Paske san pawòl Bondye a dlo a se yon dlo òdinè li ye, men se pa batèm. Men avèk pawòl Bondye a se yon batèm, sa vle di, yon dlo padon, lavi ak yon lavaj rejenerasyon nan Sentespri a jan sen Pòl di nan Tit, chapit 3: li pat delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou, li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n te ka viv yon lòt jan. Bondye voye Sentespri li sou nou an kantite, granmèsi Jezi, Kris la, ki delivre. Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Kounye a nou ka resevwa sa n ap tann nan: lavi ki pap janm fini an. Sa se pawòl sèten.

IV - Siyifikasyon batize avèk dlo

Kisa batize avèk dlo vle di?

Li vle di ke vye Adan ki nan nou an dwe, granmèsi yon kontrisyon ak repantans, nwaye epi mouri avèk tout peche, ak move dezi, epi, ankò, yon nonm tou nèf parèt chak jou epi leve kanpe, ki va viv devan Bonde nan lajistis ak pyete pou tout tan.

Ki Kote sa ekri?

Sen Pòl ekri, Wom. chapit 6: Se sa k fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l tou. Men menm jan Papa a te fè l leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou dwe mache nan yon lavi ki nouvo.