Tab devwa yo
Oubyen kèk pasaj ekri yo pou plizyè règ ak eta ki sen kote bagay sa yo dwe reprimande sevèman tankou pou sa ki gen pou wè ak ofis yo ak devwa yo
Pou Evèk, Pastè ak Predikatè
Yon Evèk (yon moun ki chèf nan Legliz) dwe san repwòch. Se pou l gen yon sèl madanm. Se pou l yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li anplas, ki gen lòd. Se pou l konn resevwa moun lakay li. Se pou l konn kijan pou l montre moun verite a. Li pa fèt pou l renmen bwè gwòg, ni renmen fè kont. Okontrè, se pou l gen pasyans ak kè poze. Li pa fèt pou l renmen lajan. Se pou l konn mennen kay li byen, fè timoun li yo obeyi l ak respè. 1 Timote 3: 2-3-4
Fòk li pa yon moun ki fèk konvèti. 1 Timote 3: 6
Se pou l kenbe mesaj verite a byen fèm, jan kris la te bay li a, pou ka ankouraje lòt yo ak pawòl verite a, pou li ka demanti moun k ap vire pawòl la lanvè. Tit 1: 9
Sa moun yo k ap Resevwa Bon Nouvèl la dwe Pastè yo
Manje, bwè tout sa yo ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l lajan travay li. Lik 10: 7. Konsa tou, Seyè a bay lòd pou tout moun k ap anonse bon nouvèl la fèt pou yo viv sou travay bon nouvèl la. 1 Korent. 9.14.
Moun k ap resevwa bon nouvèl la fèt pou separe tout byen l yo ak moun k ap bali l la. Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte. Galasi 6: 6-7.
Kanta chèf responsab yo k ap dirije Legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo. Se sa ki ekri nan liv la : pa mare bouch bèf la lè l ap fè moulen kann nan mache. Ou ankò: moun ki travay fèt pou resevwa lajan travay li. 1 Timote 5: 17-18.
Frè m yo, m ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k ap travay nan mitan nou yo, moun Seyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou. Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, pou nou renmen yo poutèt travay y ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze youn ak lòt. 1 Tesalonik 5: 12-13.
Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se toutan y ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y a fè travay yo ak kè kontan. Men si nou pa obeyi yo, y a fè l ak kè sere. Lè sa a pap gen okenn avantaj pou nou. Ebre 13: 17.
Gouvènman Sivil la
Tout moun dwe soumèt devan otorite k ap gouvènen peyi a, paske nan pwen otorite ki pa soti nan men Bondye, epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo. Se poutèt sa, moun k ap kenbe tèt ak otorite yo, yo refize obeyi lòd Bondye tabli. Moun ki refize obeyi lòd la, y ap rale yon jijman sou tèt pa yo. Tande byen: moun ki fè sa ki byen pa bezwen pè chèf k ap gouvènen yo. Se moun ki fè sa ki mal ki pou pè yo. Eske ou ta vle pa pè chèf? Enben, fè sa ki byen, se lwanj ase w a resevwa nan men yo. Paske chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men si w ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou granmesi yo gen pouvwa pini moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y ap fè tou. Y ap fè nou wè kolè Bondye lè y ap pini moun ki fè sa ki mal. Wom. 13: 1- 4.
Sa yo ki dwe Soumèt la
Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye. Matye 22 : 21.
Se poutèt sa, nou dwe soumèt devan tout otorite yo, pa sèlman paske nou vle chape anba kòlè Bondye, men tou pou konsyans nou pa repwoche nou anyen. Se poutèt sa tou, nou peye lajan kontribisyon yo, paske anplwaye Leta yo se nan sèvis Bondye yo ye, se pou yo fè travay la byen. Peye tout moun sa ou dwe yo: peye enpo nan biwo kote pou w peye enpo, peye taks. Gen respè pou moun ou dwe respekte. Wom. 13: 5-7.
Pou kòmanse, m ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l tout kalite demand pou yo, mande l padon pou yo, di l mèsi pou yo. Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen. Se bagay konsa ki byen, ki fè Bondye, Sovè nou an, plezi. 1 Timote 2: 1-3.
Fè yo sonje se pou yo soumèt devan tout chèf ak tout otorite, pou yo obeyi yo, pou yo toujou pare pou fè tout sa ki bon. Tit 3: 1.
Soumèt devan tout otorite lèzòm etabli. Fè sa pou Bondye. Soumèt devan Wa a, paske se li ki pi gwo chèf. Soumèt devan majistra yo, paske Wa a voye yo pou pini tout moun k ap fè mal, pou fè lwanj tout moun k ap fè byen. 1 Pyè 2 : 13-14.
Pou Mari yo
Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi fèb pase nou. Ba yo tout respè yo merite, paske yo menm tou yo resevwa menm lavi avèk nou tankou yon favè nan men Bondye. Konsa, anyen pap antrave lapriyè nou. 1 Pyè 3 : 7
Pa fè move jan ak yo. Kolòs. 3 : 19.
Pou Madanm yo
Nou menm, medam yo, soumèt devan mari nou tankou nou soumèt devan Seyè a. Efèz 5 : 22.
Se konsa Sara te ye. Li te soumèt devan Abraram jouk li te rele l mèt. Nou menm tou medam, nou se pitit Sara, si nou fè sa ki byen san nou pa fè anyen. 1 Pyè 3: 6.
Pou Paran yo
Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo daprè prensip Seyè a. Efèz 6. 4.
Pou Timoun yo
Timoun se devwa nou tankou moun ki kwè nan Seyè a pou n obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye. Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l: pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè. Efèz 6: 1-3.
Pou Domestik yo, Mèsenè yo ak Anplwaye yo
Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a avèk respè, avèk krentif, ak tout kè nou, menm jan nou ta sèvi Kris la. Se pa sèlman lè yo la, ap gade nou, pou nou aji konsa, tankou moun k ap achte figi. Okontrè, fè sa Bondye vle nou fè a ak tout kè nou tankou moun k ap sèvi Kris la. Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t ap travay, men pou Seyè a. Paske sonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l resevwa sa ki pou li nan men Seyè a, daprè bon travay li fè a. Efèz 6: 5-8.
Pou Anplwayè yo
Nou menm mèt, se pou n aji menm jan an tou ak moun k ap sèvi nou yo. Pa fè yo okenn menas. Toujou sonje ni nou menm, ni domestik nou yo, nou gen yon sel Mèt nan syèl la, ki pa gade sou figi moun. Efez 6: 9.
Pou Jennjan yo an jeneral
Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf responsab yo. Nan tout rapò nou youn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li. Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa l a leve nou lè pou l leve nou an. 1 Pyè 5 : 5-6.
Pou Vèv yo
Yon fanm ki vèv tout bon, ki pa gen pèsonn pou okipe l, li mete tout espwa li nan Bondye, l ap lapriyè tout tan, l ap mande l konkou lajounen kou lannuit. Men yon vèv ki lage kò l nan plezi, se yon vèv ki mouri, menm si l vivan toujou. 1 Timote 5 : 5-6.
Pou Tout moun ansanm
Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: Piga ou janm fè adiltè; piga ou janm touye moun, piga ou janm vòlò; Piga ou janm pote lanvi sou sa k pa pou ou; kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: Se pou w renmen frè parèy ou tankou w renmen pwòp tèt pa ou. Wom. 13 : 9.
M ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. 1 Timote 2 : 1.
Ke chak moun aprann leson l avèk swen, tout bagay prale byen nan kay la.