Ti Katechis Luther la

pa Doktè Martin Luther

Lapriyè Seyè a

Lapriyè Seyè a

Jan chèf fanmi an dwe anseye l nan yon fason ki senp ak moun lakay li

“Papa nou ki nan syèl la, nou mande pou yo toujou respekte non ou. Vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l nan syèl la. Manje nou bezwen an, bannou l jodi a. Padonnen tout mal nou fè, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon, men, delivre non anba Satan, paske se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout louanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn”.

Entwodiksyon an

Papa nou ki nan syèl.

Sa sa vle di? Granmèsi pawòl sa yo, Bondye envite nou avèk tandrès, pou nou kwè ke li se Papa tout bon nou an, ke nou se pitit tout bon li yo; pou nou kapab avèk tout konfyans, mande li, menm jan pitit ki chè yo, mande Papa yo ki chè pou yo.

Premye Demand lan

Nou mande pou yo toujou respekte non ou.

Sa sa vle di? Non Bondye sen nan limenm menm, men nou lapriyè nan demand sa a pou li sen pami nou tou.

Kòman sa fèt? Lè pawòl Bondye a anseye nan verite li nan yon fason ki pwòp, epi nou menm, kòm timoun Bondye, se pou nou mennen tou yon lavi sen selon li. Ban nou sa, chè Papa ki nan syèl la. Men moun ki anseye epi ki viv yon lòt jan ke jan pawòl Bondye a anseye, yo pwofane non Bondye pami nou. Prezève nou de bagay sa a, Papa ki nan syèl la.

Dezyèm Demand lan

Vin tabli gouvènman ou.

Sa sa vle di? Gouvènman Bondye a vini san lapriyè nou, de limenm menm, men nou lapriyè nan demand sa a ke li kapab vini nan nou tou.

Konman sa fèt? Lè Papa nou ki nan syèl la ban nou Sentespri li, pou nou kwè ke granmèsi gras li nou kwè pawòl sen li a, epi nou mennen yon lavi ki sen depi kounye a, epi nan letènite.

Twazyèm Demand lan

Pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l nan syèl la.

Sa sa vle di? Bon jan volonte ak volonte favorab Bondye a fèt san lapriyè nou; men nou lapriyè nan demand sa a ke li kapab fèt pami nou tou.

Kòman sa fèt? Se pou Bondye kraze epi anpeche tout move konsèy ak volonte ki pa ta pèmèt non Bondye ni kite gouvènman li vini, tankou volonte dyab la, lemond, ak lachè nou; se pou li ban nou fòs, epi kenbe nou fèm nan pawòl li ak nan lafwa jouk nou mouri.

Sa se bon jan volonte li ak volonte favorab li.

Katriyèm Demand lan

Manje nou bezwen an, ban nou li jodi a.

Sa sa vle di? Bondye bay manje jodi a san lapriyè nou, ak tout mechan yo tou; men nou lapriyè nan demand sa a pou li kapab kondui nou pou n konnen sa, epi pou resevwa bezwen jodi a avèk anpil mèsi.

Sa sa vle di? Tout bagay ki pou sipò ak bezwen kò a, tankou manje, bèt, lajan, bon sèvitè, bon timoun, dirijan fidèl, bon gouvènman, bon sezon, lapè, lasante, disiplin, lonè, bon zanmi, vwazen fidèl, eksetera.

Senkyèm Demand lan

Padonnen tout mal nou fè menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.

Sa sa vle di? Nou lapriyè nan demand sa a pou Papa nou ki nan syèl la pa gade sou peche nou, ni pou li pa meprize lapriyè nou akòz yo; paske nou pa gen valè pou pyès bagay yo nou lapriyè pou yo a, nou pa merite yo non plis, men ke li kapab ban nou tout granmèsi lagras, paske nou peche anpil chak bjou, epi nou pa merite anyen men se pinisyon ase. Konsa nou va padonnen tou ak tout kè nou, epi na prè pou fè byen ak sila yo ki peche kont nou.

Sizyèm Demand lan

Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon.

Sa sa vle di? Bondye pa tante pyès moun; men nou lapriyè nan demand sa a ke Bondye kapab gade nou epi kenbe nou, pou dyab la, lemond, ak lachè nou pa kab twonpe nou, ni fè nou tonbe nan fo kwayans, dezespwa, ak lòt gran wont ak vis ; epi malgre yo atake nou, ke nou kapab toujou simonte yo, epi genyen laviktwa.

Setyèm Demand lan

Men, delivre nou anba Satan.

Sa sa vle di? Nou lapriyè nan demand sa a tankou nou fè rezime tout demand nou yo, konsa pou Papa nou ki nan syèl la kapab delivre nou anba tout mal kò ak nanm, nan byen nou yo ak lonè nou, epi finalman, lè dènye lè nou rive pou l ban nou yon fen ki beni, epi avèk lagras pran nou anba vale dlo sa a ak limenm nan syèl.

Konklizyon an

Paske se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout louanj depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.

Kisa mo “Amèn” nan vle di? Mwen dwe sèten ke demand sa yo akseptab pou Papa nou ki nan syèl la, epi li tande yo; paske limenm li kòmande nou pou nou lapriyè konsa, epi li pwomèt pou l tande nou. Amèn, Amèn, sa vle di : wi, wi, l ap fèt konsa.