Ministè kle yo ak konfesyon
Jan chèf fanmi an dwe anseye l nan yon fason ki senp ak moun lakay li
Sa konfesyon ye?
Konfesyon gen de pati: youn nou konfese peche nou yo; lòt la, nou resevwa absolisyon, oubyen padon, nan men pastè a tankou se te nan men Bondye menm, epi san pyès dout, kwè ak tout fòs nou, ke granmèsi konfesyon sa a, peche nou yo padonnen devan Bondye nan syèl la.
Ki peche nou dwe konfese?
Devan Bondye nou dwe deklare koupab de tout peche, menm de sa yo ke nou pa konnen, jan nou fè lapriyè Seyè a. Men devan pastè a nou dwe konfese peche sa yo ke nou konnen epi santi yo nan kè nou.
Kisa sa yo ye?
Konsidere pozisyon ou daprè dis kòmandman yo, kit ou se yon papa, manman, pitit, fi, mèt, mètrès, sèvitè, kit ou te ofanse nenpòt moun ak pawòl oubyen aksyon, kit ou te vòlè, neglije, gaspiye kèk bagay, oubyen fè yon lòt bagay ki mal.
Sa Ministè kle yo ye?
Se pouvwa patikilye ke Kris bay Legliz li sou latè pou padonnen peche pechè penitan yo, men pou kenbe peche inpenitan yo tout tan yo pa repanti.
Ki kote sa ekri?
Se konsa levanjelis, Sen Jan ekri, nan chapit 20: Seyè Jezi soufle sou disip li yo li di yo: Resevwa Sentespri. Moun n a padonnen peche yo y a resevwa padon vre. Moun n a refize padonnen, yo pap resevwa padon.
Kisa ou kwè daprè mo sa yo?
Mwen kwè ke, lè minis Kris yo ke li rele nan sèvis li ap agi avèk nou anba kòmand Bondye yo, espesyalman lè yo chase pechè evidan yo ak inpenitan yo nan kongregasyon kretyen an, epi, tou, lè yo padonnen sa yo ki repanti de peche yo epi ki vle vin pi bon, sa se yon bagay ki valid epi sèten, nan syèl la tou tankou si Kris, chè Seyè nou an, te aji avèk nou limenm menm.